MESAJ POU PÈP AYISYEN nan jou Samdi ki 5 Me 2018 la




MESAJ POU PÈP AYISYEN
Nan jou Samdi ki 5 Me 2018 la

Nan jou Saba sa a pou anpil Ayisyèn ak Ayisyen e pou tout tan gen tan m ap priye Bondye fò pou li kontinye voye Zanj li yo bare wout tout move zanj rebèl, bloke e defèt tout rityèl satanik, defèt tout priyè moun fè nan pye sen pou swete moun mal, kraze an myèt mòso tout boutèy ki plante pou mare moun ak nanm moun, boule tout poud ki simen, bloke tout pratik zonbifikasyon, fini ak tout mechanste, eksplwatasyon, movèz gouvènans, tout zak esklavajis modèn, tout rayisab, tout pale moun mal, tout tanta sou lajan, byen ak siksè moun. 

Se pou li pèmèt nou dekouvri jan anpil moun bò lakay nou, nan fanmi nou, nan biznis, nan politik ak relijyon lakay nou malonèt, rize, e mechan. Se pou Gran Mèt la fè nou wè e konprann tout mal yo konn fè oubyen eseye fè nou ak lòt moun pandan yo panse ke yomenm yo byen kache dèyè tenèb.

Nan jounen Samdi sa a e pou tout tan gen tan se pou syèl la kouvri anba manto Gran Mèt la tout inosan, tout kè dechire, pou seche dlo nan je yo, geri tout maladi ak lapèn yo, yomenm ak tout kòt fanmi yo ki tap soufri anpil tankou ti mouton ki pa janm rele ni plenyen. Paske nivo move je ak mal anpil moun ak òganizasyon tèlman monte wo sou tè sa a, si se pat konpasyon Bondye nan syèl la, hhhhmmmmm...

Men Bondye konn fon kè tout moun, e li konnen lè yon moun inosan ak lè yon moun koupab. 

Anpil moun se nan mal sèlman yo kwè, epi pran pòz renmen legliz ak sèvi Bondye. Men se anpil moun ki posede pa espri Jezabèl oubyen lòt espri demonyak, e anpil ladan yo pa menm konsyan de sa. Yo di yo kwè nan Bondye, yo renmen al legliz, men yo plis renmen e toujou ap pratike mal. Poutan li fasil pou rekonèt yo paske yo pa fouti kanpe nan prezans Bondye lè l parèt kit legliz, kit nan kay, kit nan dlo, kit sou gran chimen, kit nan sonj, kit nan seremoni! Men anpil ladan yo konnen byen kiyès e ak kisa y ap sèvi, men yo pito rete ladan.

Se pou noumenm ki panse nou fò nan fè mal e ki konn travay ak rityèl satanik an Ayiti, Sendomeng, Etazini, 
Kanada, an Frans, Brezil, Chili, ak tout lòt peyi nan monn lan tonbe... tonbe... tonbe devan lafas Bondye e ba li tout glwa li merite, limenm ki sèl Mèt lavi!

Nan jounen sa a e pou tout tan gen tan, se pou Bondye ki sèl Wa nan Syèl la ak sou Tè a manifeste prezans li nan lavi nou pou li wè si nou vle chape, si nou vle chanje vi nou, si nou vle kite move wout, move pant nou pran yo e ki pa mennen lòt kote ke dwat dirèk nan lanfè vizib e envizib!

Mwen konnen nou aprann anpil deja pandan eksperyans nou sou Tè a... Men mwen wè nou poko pran fèm desizyon pou bay lavi nou yon lòt direksyon! Lè n a pran desizyon sa a tout bon vre m ap konnen, e se sa mwen swete pou nou tout!

Depi premye jou monn lan Dyab la pran pozisyon kòm malen, asasen, mantè e li rize anpil... Si nou rete anba pouvwa l, mwen parye avèk nou lap fè nou wè sa nou poko janm wè e kap fè nou mal anpil!

Li toujou ap pran pòz bay verite, men se mwatye verite, mwatye manti li toujou bay lè l bezwen woule nou byen woule... Men se lè nou pran nan zip nou reyalize ke mwatye verite li te swadizan bay la se 100% manti.

Nou viv anpil bagay deja e nou konnen byen sa m ap pale a. Depi tout tan n ap sèvi zidòl, fè move wanga pou swete malè rive moun, kisa ki chanje an byen nan vi pa nou??? ANYEN!!! SINON PI MAL NOU VIN PI MAL!!! Menm lè anpil nan nou panse nou pi byen paske nou gen 2 goud nan men nou pou 2 jou!!! Apre...??? Se tout bagay lajan ak pouvwa ka achte??? Ki pri souf ou e èske ou gen pouvwa pou ka retire l mete l???

Mwen leve maten an, mwen pat gen plan pou m ekri nou! Men lespri Gran Mèt la di m voye mesaj sa a pou nou paske li gen lontan lap di nou ke nou sou yon trè move wout... e li wè nou anvi pran yon dènye kafou ki ka fatal pou nou... donk li voye m di nou kanpe, kanpe sèk, epi fè demitou!!! Pran bon wout la!!!

Donk si nou vle konprann n a konprann paske mesaj la senp e li klè... pi klè pase dlo kokoye!!!

Se pa kenbe yon Bib nan men nou sèlman nan Legliz epi pa janm ouvri l lakay nou pou nou li e aprann pou tèt nou. Manyen ouvri Labib nou lakay nou, aprann li l pou kont nou ak lè nou an gwoup pou limyè etènèl la ka djayi sou nou. Se pou nou alèz pou nou pale pawòl Bòn Nouvèl la sou Facebook ak WhatsApp tou menmjan nou fè l ak lòt move nouvèl yo sou rezo sosyal yo. 

Men mòd bagay nou ka aprann nan Labib pou nou chanje vi nou e evite pran nan gwo cho. Men sa Labib la aprann nou de Satan: "...Depi nan konmansman se sa ase l ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite a paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li, se manti l ap bay sèlman paske se mantò li ye. Se papa nan bay manti li ye."
Jan 8: 44

Pèsonn pa ka vin di nou noumenm Pèp Ayisyen pou nou pa sonje ni rann omaj a Zansèt nou ki se san nou ak zantray nou ki te ba nou lavi depi nan Lafrik Ginen ak endepandans nou sou bout zile sa a.

Men èske nou janm pran tan nou mande Bondye ak tèt nou ki kote yon seri nan espri n ap sèvi yo soti e anba lòd ki kòmandan yo ye??? Èske Zansèt nou yo lè yo te an Afrik se byen ase yo te konn fè??? E ki kote Zansèt pa Zansèt nou yo tap viv avan yo te viv sou tè Lafrik??? Èske se pou Bondye oubyen pou advèsè a, Satan, yon seri nan espri sa yo ap travay???

La ankò Labib la ban nou limyè sou gwo pyèj ak gwo danje pou nanm ak kò ki genyen nan monn mistik envizib ak vizib la... paske reyalite a sè ke gen yon monn mistik vizib tou! 

"13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y ap pran. Y ap bay manti sou travay yo, y ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.

14 Pa gen anyen la a ki pou fè n sezi: ata Satan ka ranje kò l pou l pran pòz yon zanj limyè.

15 Si moun k ap sèvi Satan yo pran pòz moun k ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y a jwenn sa y ap chache a."
2 Korentyen 11: 13 - 15

Kidonk lè nou kwaze ak yon seri de zanj ou espri oubyen sen, kit je klè, kit nan seremoni, kit nan dòmi, toujou chèche konnen nan ki kan yo ye... paske zanj rebèl yo, move zespri yo ak fo sen yo konn kijan pou yo pran fòm ak aparans Zanj fidèl ak vre Sen yo, e menm aparans manm nan fanmi oubyen zanmi nou. E atansyon... yo konn fè mirak tou e genyen ladan yo ki ka wè nan pase ak avni nou. Men granmesi Bondye yo pa toupisan! Yo konn limit Zanj fidèl yo ba yo devan twòn Bondye a ak sou latè.

Pèsonn pa ka vin di nou tou ke kilti lakay pa nou pa gen anyen ki bon ladan paske nou te fè e kontinye fè kèk erè. Se menm reyalite a pou pi fò Pèp sou latè... E genyen ki fè menm pi mal pase nou, bagay moun pa ka pale. Poutan yo toujou rele tèt yo sen. 

Men nan chire pit nou depi 214 lane, e pou veksasyon anpil lòt peyi esklavajis te pran nan lane 1804, se do Ayiti ki pi fasil e pi fèb pou yo lage tout chay pratik dyabolik yo sou li sèlman. Men tout sa se pawòl nan bouch. Lesansyèl se men nou pou nou pran nan 3yèm milenè sa a, non pa pou apresasyon lèzòm ki toujou tanporè men pou apresasyon Gran Mèt la limenm ki etènèl. E se vre ke Gran Mèt la rele nou pou nou vin yon Gwo Gwo Nasyon kap sèvi l anba syèl ble a!



"39 Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo.

40 Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini.

41 Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k ap fè sa ki mal. Y a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a."
Matye 13: 39 - 41

Nan yon pwochen mesaj n a chèche demontre ki lyen ki te genyen ant Zansèt pa Zansèt nou yo ki te nan Lafrik ak yon seri de pèp ke yo pale de yo nan Labib, nan tradisyon oral ak anpil lòt liv. N a sonje tou ke anpil nan nou Ayisyèn ak Ayisyen gen san ak jèn Tayino/Arawak ak lòt Amerendyen ki te sou zile a oubyen nan Karayib la kap koule nan venn nou jouk jounen jodi a. Anpil Ayisyèn ak Ayisyen ki se moun zòn Sidès - Jakmèl, Sidwès - Jeremi, ak kèk lòt zòn nan peyi a ak lòt zile e tout zòn Amerik la ta dwe panse a sa seryezman. 

Dayè non peyi nou ak kèk vil tankou Lewogan, Grangwav, Tigwav, ak non tankou gwayav (guayaba), kasav (kasabe), kayiman (caimán), ouragan (huracán) se eritaj Zansèt Tayino/Arawak yo kite pou nou. 

N a chèche konprann ki sa tout koze sa yo vle di pou noumenm Pèp Ayisyen jounen jodia. Donk pa janm bliye ke anpil nan nou Ayisyèn ak Ayisyen se san mele nou ye... donk orijin Pèp nou an pa chita sèlman nan Lafrik, men nan tout pati nan monn lan... e sa se gwo plan batay Gran Mèt la pou viktwa final la! 


Nan mwens ke 2 semèn se pral fèt drapo nou ki senbolize endepans nou kòm nasyon ak inyon tout Ayisyen tout plim tout plimay...

Fè yon bèl fèt ofisyèl nan tèt ansanm nan lakou Palè nasyonal nou nan lapè ak linyon san nou pa bliye tchovi yo ki deyò a!!! Fete ansanm nan tout rakwen peyi a!!!

Fè tout lekòl ak Inivèsite, Administrasyon piblik kou prive, Ayisyèn ak Ayisyen ki nan peyi a kou lòt bò dlo leve drapo ble e wouj la pi wo toujou!!!

Lapè Bondye avèk nou!!! https://youtu.be/uXoubK6U0CY

Vwa Zansèt Yo
"Yon Ayisyen natif natal"

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

*Haïti/AYÍÍÍÍTI... Entre le Karma et le Dharma collectifs et individuels*

Commentaires & Analyses - Communiqué de presse du Député Jerry Tardieu