Articles

Affichage des articles du mai, 2018

MESAJ POU PÈP AYISYEN nan jou Samdi ki 5 Me 2018 la

Image
MESAJ POU PÈP AYISYEN Nan jou Samdi ki 5 Me 2018 la Nan jou Saba sa a pou anpil Ayisyèn ak Ayisyen e pou tout tan gen tan m ap priye Bondye fò pou li kontinye voye Zanj li yo bare wout tout move zanj rebèl, bloke e defèt tout rityèl satanik, defèt tout priyè moun fè nan pye sen pou swete moun mal, kraze an myèt mòso tout boutèy ki plante pou mare moun ak nanm moun, boule tout poud ki simen, bloke tout pratik zonbifikasyon, fini ak tout mechanste, eksplwatasyon, movèz gouvènans, tout zak esklavajis modèn, tout rayisab, tout pale moun mal, tout tanta sou lajan, byen ak siksè moun.  Se pou li pèmèt nou dekouvri jan anpil moun bò lakay nou, nan fanmi nou, nan biznis, nan politik ak relijyon lakay nou malonèt, rize, e mechan. Se pou Gran Mèt la fè nou wè e konprann tout mal yo konn fè oubyen eseye fè nou ak lòt moun pandan yo panse ke yomenm yo byen kache dèyè tenèb. Nan jounen Samdi sa a e pou tout tan gen tan se pou syèl la kouvri anba manto Gran Mèt la tout inosa...